Your cart is empty

Loulou

Loulou

  • Author : Sherline Dorsainvil
  • ISBN : B1825
  • Cat. Number : 9781643824529
  • Price : $12.50
  • Quantity :
Description

Language : Haitian Creole

Loulou, yon tigason entèlijan, kirye epi tou ki gen anpil imajinasyon. Li renmen avanti, li esplore tout jwèt, ni sa li envante ni sa li dekouvri. Sepandan, yon jou konsa, san planifye, li antre nan yon avanti tèt chaje, li ta pral vin eritye yon wayòm ki rele Baskou, kote li t ap gen pou l, libere Baskou anba yon malediksyon ki te egziste depi lontan. An plis tou li te gen responsablite pou li libere wa a, yon bèl Pan ak plim dore. Wa a te prizonye pwòp sakrifis li te fè pou li te ka libere pèp Baskou a. Loulou, mobilize kouraj, kreyativite ak zanmi li yo. Malgre menas li jwenn nan men gad chen yo, akolit kouzen wa ki responsab tout kalamite pèp Baskou a, li vle REYISI. Èske Loulou ap gen ase kouraj pou li reyisi misyon danjere sa a. Deviz li se “inite se fòs ?! Ann al gade!