Your cart is empty

  • Home
  • /
  • Manifès Pati Kominis La
Manifès Pati Kominis La

Manifès Pati Kominis La

  • Author : Karl Marx and Friedrich Engels
  • ISBN : 9782894545096
  • Cat. Number : B1559
  • Price : $12.50
  • Collection : CIDIHCA / Co-edition Educa Vision Inc.
  • Quantity :
Description

Language : HAITIAN CREOLE

Author: Karl Marx and Friedrich Engels

Gen yon revenan k ap toumante tout peyi Ewòp yo, se KOMINISM la. Tout pouvwa ansyen monn la rantre nan yon alyans “sakre” pou egzòsize revenan sa a: lepap ak lèwa, gwo minis ak aristokrat, san bliye lapolis!

Ki pati nan lopozisyon ki pa jwenn advèsè l nan pouvwa a joure l «Kominis» ? Ki pati nan lopozisyon ki pa ranvwaye kokennchenn akizasyon sa a sou do sa ki pi nan lopozisyon pase l ? E menm pafwa sou do youn ki reyaksyonè nan tout kò l ?

Nan reyalite sa a, gen 2 bagay ki klè :
I. Kominism la deja jwenn rekonesans li antanke pisans, depi koulye a, nan men tout gouvènman nan lemonn;
II. Li lè, li tan pou Kominis yo ekspoze piblikman, nan figi lemonn antye, konsepsyon yo, bi yo ak tandans yo epi twoke lejann “revenan” an ak yon MANIFÈS pati a menm.

Se nan bi sa a Kominis divès peyi reyini, epi pibliye Manifès sa a nan diferan lang.


Lè l parèt, tèks sa a te gen efè yon bonb. La pou la, wòl li jwe nan istwa lèzòm, se te yon revolisyon. Pou pwoletarya a epi pou tout kalite travayè, menm pou tout entelektyèl pwogresis tou, se te yon revelasyon.

Kounye a, wòl li gen pou kontinye jwe nan mitan lit ouvriye, lit travayè, lit mas popilè yo, nan objektif emansipasyon totalkapital limanite... nan men nou.

5.5 x 8.5 in., 82 pp. Perfect Binding.
ISBN #: 9782894545096
Cat. #: B1559