Your cart is empty

  • Home
  • /
  • EWO OLENPIK: Istwa Lennox Kilgour
EWO OLENPIK: Istwa Lennox Kilgour

EWO OLENPIK: Istwa Lennox Kilgour

  • Author : Joanne Kilgour Dowdy
  • ISBN : 9781643825397
  • Cat. Number : B1468
  • Price : $17.50
  • Quantity :
Description

Language : HAITIAN CREOLE

Ewo Olenpik: Istwa Lennox Kilgour se yon istwa, pou jèn lektè, ki rakonte lavi yon jèn altewofil ki kòmanse nan klèb katye li pou li rive ranpòte meday nan konpetisyon olenpik ki te fèt nan vil Èlsenki epi nan lòt konpetisyon. Lektè a ap aprann sou tout peripesi ke Lennox te rankontre epi simonte avèk èd antrenè li yo, ko-ekipye li yo, epi tou kominite li avèk detèminasyon pou li te reyisi nan èspò sa a. Nan finisman karyè li, nan yon jès jenewozite, li te antrene jèn atlèt epi pataje konesans li te resevwa ak talan atletik li te devlope. Liv sa a se … yon istwa touchan sou tout atlèt ki te santral nan devloman èspò altewofili nan peyi Trinidad ak Tobago. Li ba nou bon enfòmasyon sou efò premye atlèt olenpik yo avèk tout konplisite yo, tribilasyon yo, epi siksè yo… nan yon èstil lirik ki senp pou li motive, enspire ak edike Bèl istwa byografik touchan sa … kadanse tankou yon vag ki onèt pou prezante esperyans yon chanpyon olenpik ki ka ede nou menm jounen jodi a. Ti trezò sa a ka motive timoun toupatou sou Latè. Joan Osborne, Direktè Egzekitif Adjwen Libreri Nasyonal ak Otorite Sistèm Enfòmatik (LNOSE) Trinidad ak Tobago Pwofesè Emeritus Joanne Kilgour Dowdy te fèt nan peyi Trinidad ak Tobago. Li se pwofesè Alfabetizasyon Adolesan ak Adilt nan Inivèsite Kent (Ohio) nan depatman Lekòl Nòmal ak Pwogram Èskolè. Li te resevwa yon doktora nan Etid Alfabetizasyon nan Inivèsite Kawolin Dinò-Chapèl Il. Li te resevwa yon Metriz nan Ansèyman Anglè nan Inivèsite Kolonbya, avèk yon Bachelye nan Teyat nan Lekòl Jilyad nan Nouyòk. Anplis plizyè atik ak chapit nan liv, li ekri nèf (9) liv ki egzamine zafè fanm, emansipasyon yo, ak zafè ki konsène Karayibeyen ak tout dyaspora Afriken an. Ewo Olenpik, se istwa eksplwa papa li nan Konpetisyon Olenpik; se premye liv li ekri pou timoun. (Foto Richard Shane Roach) Dillon Sedar gradye nan pwogram Edikasyon Atistik nan Inivèsite Deta Kent. Anbisyon li kòm yon atis edikatè se konstwi yon anbyans nan klas la ki ka ankouraje kritik istorik ak estetik elèv li yo. Sony Ton-Aime se yon powèt ak eseyis Ayisyen. Li se direktè Sant Literè nan Enstitisyon Chautauqua nan eta Nouyòk. Li se otè yon liv powèm, LaWomann. Ewo Olenpik se premye liv li tradui nan lang Kreyòl.