Your cart is empty

  • Home
  • /
  • Kreyòl pou Kominikasyon Fòmèl
Kreyòl pou Kominikasyon Fòmèl

Kreyòl pou Kominikasyon Fòmèl

  • Author : Pierre-Michel Chéry
  • ISBN : 9789997091734
  • Cat. Number : B1633
  • Price : $19.50
  • Quantity :
Description

Language : Haitian Creole

Li enpòtan pou nou raple yon aspè enpòtan pou redaktè ki pral pwodui tèks syantifik oswa tèks jiridik yo nan lang Kreyòl la. Aspè sa a se: lang kreyòl la pa konstwi panse menm jan ak lang franse a oswa lang angle a. Li nesesè pou yo reyalize yo gen yon efò anplis pou yo fè si yo vle pwodui yon tèks fòmèl an kreyòl ki pou itil kreyolofòn yo, sitou monoleng yo.



Lang kontak yo gen pwòp resous lengwistik yo ki pèmèt yo respekte nòm diskou syantifik yo. Nan lareyalite, se pou lang sa yo menm, sosyete yo konstwi diskou syantifik yo. Redaktè Kreyòl yo dwe konnen pa gen korespondans dirèk, youn pou youn, nan mitan lang kontak yo ak lang kreyòl la.



Diskou jiridik nan lang kreyòl la mande yon apwòch orijinal sou plan lengwistik; si se pa sa, aktè yo ap toujou rete ak enpresyon lang kreyòl la pa gen zouti pou li pote diskou jiridik. Nan lareyalite, se diferans nan fason lokitè yo konstwi panse yo ki parèt avèk fòs nan de (2) lang. Pwodiksyon diskou jiridik nan lang franse kay sèten tip konstriksyon priyorite sou konstriksyon ki ta ka pi pre lang kreyòl la. Men, se chwa ki fèt anndan yon sosyete. Ayiti pa gen okenn rezon pou li fè menm chwa yo si lang kreyòl la pa gen menm resous yo, epi sitou si de (2) gwoup moun yo pa pwodui panse menm jan nan de (2) lang yo…



146 pp, 8.5 x 11 in