Your cart is empty

  • Home
  • /
  • Nan Yon Bat Je
Nan Yon Bat Je

Nan Yon Bat Je

  • Author : Edenne Roc
  • ISBN : 9781643823393
  • Cat. Number : B1698
  • Price : $24.50
  • Quantity :
Description

Language : HAITIAN CREOLE

Elkotcho, yon militan kiben oblije kite peyi l pou rezon politik vin abite Ayiti. Li twouve l ap travay kòm mekanisyen nan yon izin blan meriken ap dirije. Yon lòt kote, Laninya Estrilita, yon kibèn kite Kiba vin pratike bouzennay an Ayiti nan yon ba kote sòlda meriken vin pran plezi, pase swaf seksyèl yo. De pèsonaj sa yo ki se te de amourèz lè yo te piti, rankontre nan yon ba Pòtoprens ki rele «Sansasyon ba». Rankont sa a pral deklannche yon istwa lanmou ekstraòdinè kote senk sans mesyedam yo ki t ap dòmi reveye epi kreye yon sizyèm sans ki depase tout lòt sans yo. Istwa damou sa a dewoule nan mitan tout pwoblèm egzistansyèl moun sou latè ka viv : eksplwatasyon moun kont moun, ekplwatasyon peyi kont peyi, trayizon, rasis, prejije, melanje ak divès kalite relasyon santimantal chaje ak imanite : renmen, zanmitay, fratènite ak solidarite. Pèsonaj yo t ap milite, yo chak bò kote pa yo, nan fason pa yo, pou imanite ak lanmou pran kontwòl eksplwatasyon. Rankont yo de a ansanm ouvè wout rèv yon realite ekstraòdinè ki se libète ak byennèt pou tout moun.


Edenne Roc fèt Jakmèl nan seksyon kominal Kochongra. Li grandi nan yon fanmi peyizan inileng kreyolofòn. Nan nivo primè, li te frekante youn nan lekòl ki te sèvi kòm lekòl pilòt pou Refòm Bèna a. Aprè etid segondè l, li al etidye Lettres modernes nan École Normale Supérieure nan Pòtoprens.Etid sa a te devlope lakay li enterè l pou literati men tou reveye pi gwo pasyon ki t ap dòmi lakay li pou lang kreyòl la. Pou dekwoche diplòm metriz li nan Université
de Rouen, nan domèn sciences du langage, li prezante yon travay sou kesyon konpreyansyon lekti nan lang matènèl : lang kreyòl pou Ayisyen. Pou fini etid DEA li nan Université des Antilles et de la Guyane, nan domèn didactiques des langues, li prezante travay li sou wòl kreyòl nan
ansèyman ak aprantisaj fransè.


Lang kreyòl, se pasyon l. Li anseye li an Ayiti ak nan vil Monreyal. Apre tradiksyon klasik literè ayisyen ki enterese l, li vle devlope zouti pou yon ansèyman kreyòl tout bon an Ayiti. Kounye a, l ap travay tou sou manyèl gramè k ap baze sou obsèvasyon ak fonksyònman lang kreyòl la.