Your cart is empty

  • Home
  • /
  • Konpozan ak Konpletif
Konpozan ak Konpletif

Konpozan ak Konpletif

  • Author : Dimitri Hilton
  • ISBN : 9781626327832
  • Cat. Number : B1404
  • Price : $17.50
  • Quantity :
Description

Language : HAITIAN CREOLE

DE MO SOU EKRIVEN AN:

        Gabriyèl Dimitri Iltonn (Gabriel Dimitri Hilton) fèt Pòtoprens, senk mwa, jou pou jou, apre Franswa Divalye (François Duvalier) te pran pouvwa a ann Ayiti. Manman l te voye chache l an 1970 pou l vin viv Ozetazini damerik ak frè l ak sè l yo.

         Anvan li te pati, Dimitri Iltonn te fè premye ane etid primè li nan lekòl Le Normalien epi rès lòt ane yo nan République du Libéria. Nan uityèm ane primè li, li te nan klas Mèt Anri Jan Leyon (Maitre Henri Jean Léon) ki te ba l yon prim pou premye plas nan matematik. Se te yon ti liv Alfrèd Demisè (Alfred de Musset). Se nan liv sa a Dimitri fè konesans ak pwezi. Se ladann tou li te aprann pwezi sa a pa kè : La nuit de Mai. Se yo powèm ki yon jan make l pou jouk jounen jodi a. Se ti liv sa a toujou ki vin enspire l ekri pwezi damou ak pwezi patriyotik nan twa lang : kreyòl, fransè, ak anglè. Li te fè sa depi a laj trèz, katòz, kenz an.

        Dimitri Iltonn fè premye pati nan etid inivèsitè li nan vil Nouyòk, nan Peyi Etazini. An 1979, li pran yon bachelye (konsantrasyon nan chimi), epi an 1980 li kore l ak yon lòt bachelye nan jeni chimis. Li dekwochte toulède diplòm sa yo nan Columbia University. Li kontinye etid li yo nan domèn syans natirèl nan City College, kote misye ranmase yon metriz nan jeni sanitè an 1984.

        Men depi Dimitri te fin rankontre ak Iv Dejan (Yves Déjean) nan yon ti kozri Dejan tap prezante sou òtograf lang kreyòl la, nan legliz Sent Blèz nan Bwouklin, Nouyòk an 1973, li te deja konnen se lengwistik li damou. Li te fè yon bon ti tan ap pratike sa l rele lengwistik beton, men li kòmanse etid li nan domèn lengwistik la reyèlman vre nan Florida International University (FIU) an janvye 1990. An 1996 li pran yon lisans nan lengwistik epi an desanm 1998 li soti ak yon metriz manch long nan lengwistik, nan FIU (konsantrasyon nan sentaks). Jodi a li se tradiktè/entèprèt nan yon mezon tradiksyon.

Dimansyon: 6 x 9 pous
Nimewo Katalog: B1404  
Kantite Paj: 168 paj
# ISBN: 9781626327832 

168 pp.; 6x09 in.
Cat. #: B1404
ISBN #: 9781626327832